Gen vil se lafimen
K ap senyen lorizon
kadnase letènite
bay rèv bizango jarèt
Gen lòt vil
Ki niche souvni lanmè
Pou fè lalin soule
Sou twotwa
Malediksyon gagari
Vil ki blayi sou figi w
Isit se zetwal ki leve
Lè lawouze ap souse dwèt pous li
Wa sonje
G on powèm
K ap deplòtonnen
Lè w pran jongle twotwa yo
Lè tout son tanbou
Imite batman kè w
Si Channmas pèdi lizay
Se pa solèy ki chich pou lè
Se leta ki anwe
Pòtoprens se almanak san dat
Leta konn sa tou
Depi midi sonnen
Boulva toufe Lanperè
Rete apa
foli m fou
Pou yon powèm k ap twaze l
Alèkile
Tan an pa chare fanm
K ap ranmase siwèl
Lannwit sou twotwa
Billy Doré, Mamòte,
Edisyon Floraison, 2019.