M pa konn ak kiyès
Si se ak tèt mwen
Si se ak lide k ap pase nan tèt mwen
Men sèl sa m konnen
M anvi pete yon lobo
M ta rele anmweeeyyy
Jouk tout vyann nan kò m tranble
Jouk swe sou do m kriye
Jouk zong nan dwèt mwen ratresi ak latranblay
M santi m ta mande pwòp tèt mwen
« Sa k fout genyen ou anmède m konsa ? »
M anvi mete plim sou mwen chita
Pou m mande l èske l pa gen bouda chita.
Ay ! M anvi pete yon lobo !
E si m ta di w sekrè m
Si m ta di w depi byen dètan
Tèt mwen s on pay k ap kalbende
Nan tout rakwen
E si m ta di w viv pou mwen
S on moso twèl
ki poko konn si l sal
K ap pwomennen nan figi moun
Nan lespwa ya aksepte l kòm mouchwa
E si m ta di w anba tout djanm sa
chapant kay mwen
Se gadò mit
Fè nan poto mitan Konsyans mwen
Kòmanse wouye
Sòl lavi m pa t janm te solid
E si m ta di w
Van pou mwen s on menas
Menas pou l pa bote m ale
San lè m poko rive
San m poko fin viv
San m poko tanmen egziste
E si m ta pran di w ?
Tankou ti poul k ap bouske manman l
M vle chache w
Jouk zong mwen fè kal
Kote w al kache a fò m jwenn ou
Li te mèt nan fon gòj malè
Li te mèt nan touf pikan
Fò m jwenn ou
Kèk mo sou otè a :
Kristie Helena Jean fèt nan komin Kafou nan lane 1995. Powèt, enfimyè, li se otè « Plim baba », yon rekèy pwezi ki pibliye an Ayiti nan Edisyon Inferno. Kristie Helena, ki gen pou non plim li Perle Noire, ap viv Ozetazini.