Aswè a gon moso zetwal ki fele nan figi tan
tout ti flè santi bon pot reflè kadans ou
letènite fè kapris nan souri w
ou manke m
nanm mwen fennen nan bouske lavi
bouske longè 2 ti pye w nan yon baton lakansyèl
bouske nyaj santi bon
bouske bèl lanmè gran jipon
Ki abite nan souf ou
M renmen w
pou tout sa w fè m santi lè w ap mache sou tan
Ricot Marc Sony