I
Ton corps est une lumière
Qui fait briller mon âme.
Ton sourire, gerbe de douceur
De nos gestes sans mots.
À ton sort, je me livre
Tout entier.
Cette nuit là, toi et moi
Sous ce ciel étoilé,
Près de ce rivage,
Ton visage étincelant
Reflétait dans l’eau
Et faisait disparaître tous nos péchés
C’était là que t’étais devenue Femme.
J’avais goûté à la lumière
Et on était nus pour toujours.
II
Gouye tanbou m
Gouye san rete
Ou se plim mwen
Chak kout gouyad ou sou papye
Se rèl ka makorèl
Aba tonèl
Tanbou m gouye
Anba je tout Dye
Chak kout bagèt
S on leve danse
S on pawòl ki pale
Yon verite lanvè
Tanbou m chante tout koze
Nan gouyad tanbou m
Tout melodi pèdi sousi
Li fèk kare gouye
Anba yon dans lavi
Pou kwape grangou ak swaf
Gouye san rete
Gouye jouk souf ou koupe
III
Pawòl mwen ak ou
Se pawòl ou ak mwen
Vini, vini non
Gade, vini
Vin met jenjanm
Nan te kanèl mwen
Vin met piman bouk
Sou tèt karamèl mwen
Grann brijit mèt griji
Aswè a avè w m ap dòmi
Andan m son kalfou gran fon
Yon gwòt, ki reklame tout
Zwazo ki pèdi zèl ak wout syèl
Line
À PROPOS DE L’AUTEURE :
Née à Belle-Anse le 14 janvier 1995, Maherline Jean-François
a publié en 2014, en collaboration avec Olga Jean Baptiste, un recueil de poèmes intitulé ” Pleurs de ma plume “. Elle a fondé en 2017, à Belle-Anse, un centre culturel portant le nom de ” Sant Kiltirèl Ovigo Théodore”. Faisant partie des gagnants du concours ” Jakmèl ap fete” organisé en 2019 par la Direction départementale de la Culture à Jacmel, Maherline a participé en tant qu’auteure à l’anthologie des poètes jacméliens.nes, publiée sous la direction des Éditions Pulùcia. Elle est aussi rédactrice dans le Bellansois magazine et a fondé en 2018 une entreprise individuelle, ” Mah-bio “, oeuvrant dans le domaine de transformation des produits bio, spécialisée dans la transformation de l’amande.
Pou Maherline Jean-François
Kreyon w
Plim ou
Pa fè chimen kwochi
Ak grafiti w ekri sou kò m
Pou sa yo depeste w
Se sa m plis renmen nan ou
Ou pa pase kalfou kat chemen
Pou w di m ou anvi monte
Mòn pilbowo anba flanm solèy
Ou byen vini
Ou pa kite m nan wout
Nou vini ansanm
Yves-Mary Fontin
Paterson, New Jersey.
08/29/2020