Kristie Helena Jean fèt nan komin Kafou nan lane 1995. Powèt, enfimyè, li se otè « Plim baba », yon rekèy pwezi ki pibliye ann Ayiti nan Edisyon Inferno. Kristie Helena, ki gen pou non plim li Perle Noire, ap viv Ozetazini. Nan 4èm jou gwo festival sa a, ki ap kontinye sou platfòm nan, nou pran plezi envite w al dekouvri bèl travay atizay powèt la.
I
Kou midi rive
Lanjelis gen sant ou
Lajounen pran fòm kò w
Lè sa tout lonbray sanble ak ou
M santi souf ou nan ti van
K ap vante bò zorèy mwen
Se atò m vin konprann
Lanmou k nan zantray mwen an
San lanvè
San landwat
II
Nan panno Kay mwen
Ou ka jwenn lespwa
kole pa moso ak krache
bout zong ki ansasinen
Kout rèl pwatrinnen m
Nan panno Kay mwen
Genyen plizyè ti bout papye
Chak s on listwa
Bade ak kabouya Lavi
Chak s on rèl
Solèy p ap janm rive tande
Ou ka wè penti
Ki fòse maske kout je
Wa va wè tou
Kisa pi fò jounen m devni
Nan redi plenn pou m pa disparèt
Se la tou wa jwenn m tann fyèl mwen
Lò m bouke fòse kase laveri
III
Libète an katimini
Libète pwatrinen
Libète bal pèpè
Ki koube n douvan pisans tèt anba
Je tanmen bay dlo
Pou lave move santiman
Yon lendepepandans pachiman
Pou sere boulon granmounite n
Libète lasisin
Libète rès bav
Kout zong leta ki fonse nan tou je n
Libète kankanyikan
Nanpwen bwòs ki ka foubi
Nanpwen batwèl ki ka wete
Kras demokrasi wouye
Yo plake nan figi n
Libète krizokal
Pou yon pèp fotokopi
Konstitisyon pye poul
Dwa de lòm k ap pase n nan rizib
Listwa ki wont ban nou batistè
Libète vlen
Libète ki poko sanble n
Perle Noire
Bèl kout plim ki soti anndan zantray yon nègès kreyòl
Se toujou ak anpil kontantman poum li saw ekri♥