I
M dous
M dous
m reveye nan on rèv plezi
On rèv kote n ap banbile
Anba lapli
M pran fremi
Lè m santi dwèt ou
K ap kouri nan rèl do m
K ap limen pwent tete m
Lè bouch ou koumanse eksplore kò m
Lafimen monte tout nan tounen m
M depale, m rablabla
M mande manje w
Kou on vwayajè k pèdi wout li
M ta vle louvri je m
Lanati souri
Nan syèl la festen louvri
Kout zeklè fè mikalaw
Ta sanble y ap pran jòf
Sere sou ou tout kòm ap pran plezi
M chante lavi, m ap viv
M danse bonè
Ou mennen m nan pòt li.
II
N ap kouri
Paske lannuit fin rive
N ap kouri
Pou n al pase swaf nou
N al bout
Nan vye kamyon bòs Jak la
Nou al fini san te koumanse sou gran chimen
San limyè
San gid ou penetre tifi m
Ou kite m ak on doum sik nan vwa m
Ke m pa ka vann
Lari a gen zòrèy
Nou siye zak nou
Nou ranje tye nou
Na al panse lakay
…
Wi-Pi Lyrics
Nòt sou otè a :
Widline Pierre gen 21 lane, l ap viv Jakmèl. L ap etidye syans medikal.
Lekti, literati ak ekriti se pasyon l. Li penn santiman l ak sa l viv chak jou ak plim li sou on fèy kaye. Sa l wè ak sa l tande alimante inivè poyetik li.
Wi-Pi Lyrics, se jwèt non plim li.
wow mwen panse ke sa se yon bon powem. Li fem panse ak yon moun tre espesyal.
Je pense que tu fais du bon boulot.
Keep it up.