Bliye fè makak
Sou
Dòmi devan pòt
Kay chen
Bliye fè
Douvanjou
Pèdi nan gran
Chimen
Lakansyèl bliye
Kòl
Vakabon gad anba l
Yo di
Pantalèt li gen
Sèt koulè
Bliye se madoulè
Madoulè ki kouche
An kwa
Nan mitan kalfou
Diyite n…
Lespwa pa bò isit
Pèdi gwo lajounen
Chen manje l
Bò raje
Powèt
Sispann kriye !
Bwachat se
Paradi
Ti lèzanj nan peyi m…
Rèv nou madichonnen
Grangou fèl twoke
Pen pou lasi
Solèy ap fè
Pye l blanch
San pote bon nouvèl
Nan kabwèt lamizè :
Nou kanni
Nou rasi…
An Ayiti
Lavni tout ti jèn
Ap jwe sou
Pil, fas
Tonton, palmis
Van ale, van vini
Van vire, van tounen…
Mizè tout malere
Rete
TENNFAS…
Kèk ti mo sou otè a :
Carl Henry Burin fèt nan Pòtoprens nan lane 1997. Li se yon etidyan nan Sosyoloji ak Syans Jiridik. Pwezi, se mwayen li itilize pou l bay egzistans li fòm. Se pi gwo pasyon lavi l.